Nan lannwit madi rive mèkredi 7 jiyè 2021, kouwè nan yon fim Francis Coppola, yon pwosesyon djip 4X4 fofile silansyezman nan riyèl katye Peleren 5 ki mennen nan rezidans prive fanmi Moïse yo nan Petyonvil. Daprè yon anrejistreman odyo Martine Moïse pibliye pita sou Twitter ak enfòmasyon li bay FBI, lè koup Moïse la tande kout tire mitrayèt yo, Jovenel di l : « Cheri nou mouri. » Konsa yo ale kache anba kabann lan, apre yo òdone de pitit yo ki te nan kay la pou y al kache nan twalèt la. « San nou pa ba t zye nou, mèsenè yo antre nan kay mwen e krible mari mwen ak bal », manmzèl di 1.