Lè kako yo te fèk parèt nan peyi a vè lane 1900 yo, se te yon gwoup abitan ak soupwoletè ki te pare pou batay pou nenpòt ki chanjman. Men, chèf kako yo te plis sanble mèsenè ki ta p chèche enterè pèsonèl yo. Se sa k fè politisyen te fasil pou achte yo chèf sa yo, epi fè Kako yo kanpe osèvis kòz pèsonèl politisyen yo. Tandans sa a te egziste toujou lè okipasyon an derape. An jiyè epi an out 1915, Rozalvo Bobo te peye kako yo pou yo mache sou Pòtoprens pou li. Apresa misye vin wè pito li te bliye rèv pou li te vin prezidan an, li vag kako yo epi li pati an egzil. Poutan afiramezi, kako yo vin mennen yon lit ame endepandan sou bò pa yo, poutèt pa yo ak lòt abitan deposede ki te nan menm eta avè yo. Yo vin gen revandikasyon pa yo ak deviz pa yo : « Fout anvayisè yo nan lanmè pou Ayiti tounen vin lib ak endepandan ». Anmenmtan tou, sitou lè Chalmay Peral vin dirije kako yo an 1918, kako yo vin pi òganize, pi motive, pi devwe pou lit la, epi yo kanpe kareman kont anvayisè yo. Sa sitou vin fèt apre okipan yo te vin deside fè yo dezame popilasyon an epi lè yo vin remete kòve nan peyi a. Lè sa a, Kako yo pete atak toupatou, adwat, agòch nan plizyè vil kont okipan yo.